Love Poem: Renmenm Kounye a Oswa Jame
Hebert Logerie Avatar
Written by: Hebert Logerie

Renmenm Kounye a Oswa Jame

Renmenm kounye a pandan ke
Mwen ka renmen ou an retou
Renmenm kounye a kant, a volonte
Mwen ka limen epi etenn dife an
Renmenm kounye a pandan, ankò
Mwen ka respire fasil kom yon chantè
Renmenm kounye a pandan ke
Mwen ka wè bote ou byen klè
Pa tann demen oswa yon lòt jou
Lè mwen pa ka wè lakansyèl yo ankò
Lèm pa ka mache pou kont mwen sou twotwa a
Ak lè mwen pa ka santi bon freshè le maten
Pa jis renmenm 'nan Jou Sen Valenten
Renmenm tou mèm lè kem vinn devye 
Renmenm kounye a oswa jamè
Pou mwen ka beni ak chans san fen
Kèlkeswa eta mwen ak atitid mwen
Kontinye rete dosil e trete ak jantiyès
Nanm mwen, kè mwen
Ak kò mwen, anvan kem di orevwa.

P.S. Tradiksyon 'Love Me Now Or Never'.
Copyright © Fevriye 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.