Love Poem: Le Yon Fanm Renmen Ou
Hebert Logerie Avatar
Written by: Hebert Logerie

Le Yon Fanm Renmen Ou

Lè yon fanm renmen ou
Ou pa ka fè anyen mal
Ou ka chame li ak yon ti chanson
Nan men ou, li pa bezwen anpil.

Lè yon fanm renmen ou
Mond lan sanble li trè bèl
Tout bagay anfò, an pinpan
Lè yon fanm adore ou.

Se tout ane a ki printan
Ti zwazo yo ap repoze e yap chante
Timoun yo ap jwe e yap ri
Gen anpil bonè ak kè kontan.

Lè ou voye flè pou li
Lè ou bay li bèl bijou
Li bo ou tankou yon ti bebe
E li ba ou akolad pou tout yon ane.

Lè yon fanm renmen ou
Ou santi ou ekstrèmman byen
Kay la gen anpil, yon dividal manje
Paske li bay ase pou vant ou plin.

Lè yon fanm renmen ou
Syèl la klere epi li ble
Lanmè a manyifik e trè klè
Lè yon fanm renmen ou.

Lè yon fanm renmen ou
Solèy la cho e li pike
Nwaj yo ap vwayaje
Lè yon fanm adore ou.

Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

This is a translation of the poem When A Woman Loves You by Hebert Logerie