Love Poem: Le Landemen Apre Fet Sen Valenten
Hebert Logerie Avatar
Written by: Hebert Logerie

Le Landemen Apre Fet Sen Valenten

Se te yè dimanch
Jou fèt Sen Valanten
Nou wè kap pase anpil fanm chik ki gen
Ranch anfòm, yo abiye an woz e wouj
Kote anpil anmourez kap mache men nan la men
Menm jan ak aktè sou enfrawouj
Yo tap souri ak ri anpil. Kòm si yo tap pati
Yo pran direksyon pou yal patisipe nan yon bèl seans nan paradi
Manman Lanati te an woz e wouj tou, kalm e an lapè.

Le lan denmen aprè fèt Sen Valenten
Bagay yo pa rete menm jan
Jodi a, nou tande apèn mo dou sa 'Mwen renmen ou'
Kap repete nan lari ki trè pezib. Tout moun
Te aji kòm moun  fou yo te ajite kòm si yon bonmb
Nan kèk segond pral eklate tout bilding ak kay nan vil la
Oh! Bagay yo chanje ak zetwal e gwo kout peta
Nan syèl la plen moun ki pè, ki gen kè sere ak nwaj yo ki brouye
Lanmou kontinye defye letènite ak espontaneite
Ki dire sèlman kèk èdetan ki pase vit, pasajè e efemè
Apre fèt la, pafwa se yon defèt ki ki penib ak yon lagè ki anmè kwè fièl.

P.S. Pou site pwovèb ayisyen sa: 'Aprè bal tanbou lou'.
Translation in Haitian creole: The Next Day After The Feast Of Saint Valentine's Day.

Copyright © fevriye 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm